Ofisyèl Florid yo pwesize ke yo pa vle moun voye a linfinitif mabouya vèt nenpòt ki lè ankò

0 369

(TRiboLand) Responsab anviwonmantal yo nan Florid chanje langaj yo nan fason yo te bay libètinaj a popilasyon floridyènn nan pou voye a linfinitif san pèmi e nenpòt ki lè espès tankou gwo mabouya vèt kap anvayi lakay yo.

Yo admèt ke yo te trò egzajere nan dènye deklarasyon yo nan fasilite mèt kay yo detwi espès mabouya vèt sa yo, se sa Komisyonè Konsèvasyon Lapèch ak Anviwonman, Rodney Baretto deklare ayè Jedi-a nan yon kominike. Se pa sa nou ye vwèman, selon Barreto.

Fwa sa, responsab Lapèch ak Anviwonman Florid yo, ankouraje popilasyon an pou fè retrè nan fason ke yo ap reyaji fas a mabouya vèt yo. Si yo pa kapab retire mabouya yo nan lakou lakay yo, li pweferab ke yo nesesite entèvansyon teknisyen pwofesyonèl sèvis ijyènn ak sekirite e anviwonnman piblik ki kapab kontwole nwizans zannimo yo.

Leave A Reply