Moun nan popilasyon Kleren, Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, selebre 100 tan chapèl Sen Fwanswa Dasiz

01 – 04 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Fidèl katolik yo nan lokalite Kleren, Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, selebre 100 lane fondasyon chapèl Sen Fwanswa Dasiz jounen dimanch 04 oktòb 2026 lan. Yon seremoni ki dewoule an prezans divès reveran pè, prezidan katèl Kazèk 12èm nan, pèleren ki soti toupatou, ak kèk notab e manm nan popilasyon an.
Nan okazyon an, se reveran pè Delmas Camille kap dirije pawas Sen Jera 8èm seksyon Twou Kanari ki te selebre seremoni an. Nan omeli sikonstans lan, prèt Delmas di Bondye mèsi pou 100 tan listwa li fè pawas Sen Fwanswa benefisye. Li voye yon gwo kout chapo bay tout moun nan kominote a, soti nan premye moun ki te direktè a pou rive nan manm popilasyon an.
Monpè prezante Sen Fwanswa Dasiz kòm yon peyizan ki te genyen anpil lanmou pou lanati, agrikilti ak anviwonman. Li mete aksan sou premye gwoup moun ki te enstale Chapèl Saint Francois nan zòn nan ki fasilite popilasyon an ki jounen jodi ap jwi bèl moman sila a; pandan l preche fidèl yo viv nan lanmou tèt ansanm ak rekonsilyasyon pou yo kapab rive fete 125 lane Sen Fwanswa Dasiz.
Nap fè remake, Chapèl Sen Fwanswa Dasiz te fonde nan lane 1926 sou pè LANBALÈ kote yon foul moun te rasanble pou plante Sen Fwanswa Dasiz nan kominote yo rele Kleren. Konsa, pandan tout moun sa yo ki te mouri avan, se moun ki ranplase yo k’ap jwi bèl moman sila a, daprè reveran pè selebran an Delmas Camille.






