Anpil moun ki kalifye pou pwogram imanitè Joe Biden nan, debake an foul pou vaksen Kowona viris nan lopital jeneral Notre Dame Tigwav.

1,162

03-14-2023

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Sitiyasyon te konplike nan lopital jeneral Notre Dame Tigwav jounen madi 14 mas 2023 a, akoz yon afliyans moun, gason, fanm ak jènn ki kalifye nan kad pwogram Joe Biden nan, te vin resevwa vaksen Kowona viris yon fason pou yo rantre nan peyi Etazini Damerik.

Sèten nan moun sa yo ki tap repon’n kesyon jounalis, fè konnen, se paske yo kalifye nan pwogram imanitè JB a ki lakoz yo vini. Daprè yo, sèl kondisyon pou yo rantre Ozetazini nan kad pwogram Imanitè Biden nan, aprè kalifikasyon yo, se yon obligasyon pou yo pran vaksen Kowona a.

Pilwen, direktè medikal lopital Notre Dame jeneral Tigwav la, doktè Fred Jasmin, sou bò pa li, konfime tout bon vre sitwayen,sitwayèn’n yo vini an foul pou pran vaksen Kowona a; sepandan, laprès te poze direktè a kesyon pou konnen pou kisa tigwavyen, tigwavyèn’n yo vin resevwa vaksen Kowona viris la, li pat an mezi pou repon’n ak kesyon sila a.

Nap siyale, sitiyasyon an, te tèlman konplike ke responsab lopital la te oblije fè apèl ak lapolis, lajistis pou vin mete lòd nan dezòd.

JOICY Arnold

Comments are closed.