3 moun mouri ak dyare, vant fèmal, fyèv nan 7èm seksyon Platon nan lokalite Lefò, komin Tigwav

03 – 21 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRibloLAND) Yon maladi dyare, vant fèmal ak lafyèv kap brase zantray peyizan yo nan 7èm seksyon Platon, lokalite Lefò, komin Tigwav depi plizyè semèn. Bilan, 3 moun mouri epi plizyé lòt viktim kouche ap batay san swenyaj ak maladi a. Se kòdonatè kazèk zòn nan, Pétion Franckel ki konfime nouvèl la.
Kazèk Pétion Franckel ki deklare pa menm genyen sant sante nan seksyon an, chak fwa abitan yo malad, yo oblije mache 40 kilomèt, soti 7èm seksyon pou ale nan depatman Nip peyi a; swa nan vil Miragwan ou byen Fondèblan pou rive jwen yon timòso laswenyaj ka yo nesesite. Mete sousa, yo pa genyen wout, se gwo lajan peyizan yo peye moto pou yo ale lopital.
Toutfwa, kòdonatè kazèk 7èm seksyon Platon nan komin Tigwav la, lanse apèl prese prese bay ministè sante piiblik ak popilasyon pou voye bonjan teknisyen nan zafè sante pou vin fè yon prelèvman nan sous dlo yo pou rive idantifye ki sa ki ta lakoz peyizan ap trape maladi dyare, vant fèmal ak lafyèv. Li mande egalman, pou leta santral fasilite prezans doktè, enfimyè ak bon medikaman yon fason pou amelyore soufrans abitan yo.






