MTPTC lanse ofisyèlman pwojè konstriksyon twonson wout Ansafolè – Pòdpè a.

1,450

03-14-2023

Anviwon 23.5 kilomèt wout pou yon valè 15 milyon dola pral konstwi, sòti Pòdpè pou rive Ansafolè, se lansman travay ofisyèl Travo Piblik branch Nòdwès nan Kap-Wouj.

Ansafolè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan prezans divès pèsonalite tankou : Pè Brechner, kire Pawas Kap-Wouj la, delege depatmantal Nòdwès la, Sony Dordoille, ajan egzekitif enterimè komin Senlwidinò ak Ansafolè yo, prezidan chanm komès la, Jordan H. Verdieu ak divès lòt pèsonalite; direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès lanse ofisyèlman pwojè konstwiksyon twonson wout Ansafolè – Pòdpè a, jounen madi 14 mas 2023 a.

Pwojè sa a ki pwal egzekite sou yon total 23.5 kilomèt wout anba lobedyans Ministè Travo Piblik branch Nòdwès, pral koute anviwon 15 milyon dola vèt pou yon dire 18 mwa won kon djondjon.

Direktè depatmantal Travo Piblik la, Joseph Angelot Horacius bò kote pal fè konnen nan kad lansman sa a, se gras ak gaz ministè a yo demare teni kont de pwosedi dekesman yo ki vrèman difisil.

Comments are closed.