Gang kriminalite : Zam gang yo ki orijin peyi Etazini touye ankò anviwon 7 moun nan yon fiziyad

844

08-16-2023

Dèlma, Ayiti____(TRiboLAND) Anviwon 7 moun mouri nan aprè midi jounen mèkredi 16 dawout 2023 a nan yon fiziyad anndan Dèlma 31, zòn Brana.

Nèg ak zam ki te sou yon toyata RAV4 fizye plizyè pasajè inosan nan yon ti kamyonèt san oken fòm pwosè. Selon enfo TRiboLAND arive kolekte, viktim yo tap fè bwas pou kouri pou bandi sangwen yo ou chape poul yo akoz vag ensekirite kap vale teren nan Kafou nan dènye jou sa yo.

Konsa, avèk konplisite gouvènman chyen PHTK a, ki genyen vwayou Ariel Henry ki nan konplotay ak kominote entènasyonal kriminèl la, soti vrèman pou ekstèmine popilasyon an. Konsa, si ayisyen yo pa detèmine pou fè menm jan pèp nan peyi Afrik yo ap fè a; pwisans oksidantal kap teworize Ayiti digdantan an, pap pran tan pou materialize plan eradijkasyon ayisyèn nan.

Nap raple, zam ak minisyon gang yo ki nan konfyolo ak lapolis e gouvènman sangwen Ariel Henry a pou teworize ou masakre malere e akapare tèritwa sitwayen ayisyen yo, soti nan peyi Etazini, dapwè Dumel Fontalus, yon anti-enperyalis fawouch ki se youn nan pwòch viktim yo.

Comments are closed.