Labou, movèz odè ak fatra tout kalite, rete yon pigwo defi pou otorite konsène yo nan okazyon fèt Notre Dame Tigwav.

510
1
Share:
TRiboLAND


08 – 10 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRIBOLAND) Gwo lapli kap tonbe sou komin Tigwav dènye jou sa yo, lakòz tout tikwen nan vil la chaje ak fatra tout kalite.

Selon kèk sitwayèn ak sitwayen ki pa vle vizay yo parèt nan kamera repòtè TRiboLAND Medya, fè konnen gwo pil fatra, ak labou ki enstale nan vil la ak raje ki akote wout nasyonal nimero 2 a, reprezante yon gwo defi majè pou responsab yo nan lameri e biwo travo piblik nan Tigwav. Alòske nan 5 jou, se pral selebrasyon fèt patwonal Notre Dame nan Tigwav.

Nan sans sa a, sitwayèn ak sitwayen yo ki trè kritik kont otorite yo nan vil la, deklare ke yo pa regle anyen; konsa, yo mande pou yo fè tout sa ki nan pouvwa yo, pou netwaye kanal yo epi restore wout segondè yo avan festivite yo nan site souloukwaz la.

Share:

1 comment

  1. Elinès Vincent 10 August, 2024 at 22:10 Reply

    Kenbe la fondasyon triboland nou kontan jwenn bon jan enfòmasyon yo ki vin jwenn mwen lakay mwen.
    Elinès Vincent
    Fondasyon triboland nan Wo Moustik

Leave a reply