Inisyativ òganizasyon debaz ak militan yo mande manm Konsèy prezidansyèl yo ak chèf gouvènman pou yo respekte angajman yo

07 – 05 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Inisyativ òganizasyon debaz ak militan (INIBAZ) mande Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, ak chèf gouvènman an pou pran responsablite yo epi respekte angajman yo te pran.
Konsèy prezidansyèl la te rive antre an fonksyon pou te pote yon seri solisyon ak kriz kap souke bil peyia depi yon bon bout tan. Ensekirite, lavi chè, grangou se pami gwo difikilte popilasyon an ap fè fas, poutan otorite yo ponkò janm moutre volonte pou amelyore bagay yo.
Responsab INIBAZ yo kontinye mande otorite pou respekte akò 03 avril la, pandan yap mande otorite yo ale vit paske popilasyon an pa ka tann ankò. PM Garry Conille te di priyorite-l se lajenès, poutan jèn yo toujou gaye nan dezè a; gouvènman dwe travay byen yon fason pou konble espas ki vid yo nan enstitisyon yo ak moun ki fòme epi kredib.
Responsab INIBAZ yo fini pou mande PM lan pandan nap travay pou mennen peyia vè eleksyon, peyia pap pran nan oken konsèy elektoral malatchong.
Konsèy prezidansyèl la, ak gouvènman pa gen kat blanch si yo pa deside travay pou byennèt peyia, bagay ap chavire nan yo.