Concertation Citoyenne pour le Relèvement du Grand Sud, Dieupy Chéribin mete li disponib pou reprezante Gransid la, nan pwochen gouvènman tou nèf la.

811


05 – 04 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès maten samdi 04 me 2024 la, nan lokal yo nan ri Desalin, Concertation pour le Relèvement du Grand Sud (COCIREGS), salye arive nouvo Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) nan peyi a, epi pwofite mande ansyen senatè Sidès la, Dieupy Cheribin pou mete li disponib pou reprezante Gransid la nan pwochen gouvènman ki pral fòme nan peyi a.

Dirijan yo nan estwikti a, felisite tout pati politik ki yo menm chwazi fè konsètasyon ki bay 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, nan prensip, respè demokratik yo yon fason pou adrese pwoblèm aktyèl pèp ayisyen an.

COCIREGS ki deklare ke yo kwè nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon 9 manm nan, ki daprè yo, genyen yon fèy dewout ki byen defini : 1) rezoud problèm ensekirite a kap ravaje peyi a, 2) rezoud problèm sosyal, ekonomik yo, lavi chè kap fini ak popilasyon an, 3) reyalize eleksyon pou retounen peyi nan lòd demokratik.

Toutfwa, Concertation pour Relèvement du Grand Sud (COCIREGS) mande pou tout pitit peyi a, ki onèt, entèg ak kredib ki kwè nan Ayiti, mete men nan pat la. Pou konsètasyon an, pa genyen oken sakrifis ki two gran pou yon moun fè pou sove peyi w, an nou ankouraje pi plis, pou Ayiti chéri nou an. soti nan twou lanfè byen fon li twouve li depi plizyè ane anba krim gang sangwen sapat sal.

Comments are closed.