Pòdpè: Nan kad operasyon zewo tolerans lan, lapolis ak lajistis trake plizyè endividi pou posesyon marigwana

255

11\25\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman Pòdpè a,msye Jean Volney Bellamin prezante bay lapwès, jounen mèkredi 25 novanm 2020 an,plizyè individi ke lapolis ak lajistis te rive trake ak divès pakè marigwana nan kad operasyon zewo tolerans l’an.

Endividi tankou Vilsaint Purlet 44 lane ak Berlin Jean François 19 lane te trake nan komin Sen Lwi Dinò a 1h am, kote lapolis ak lajistis ta pral dekouvri nan machin trafikan yo 95 pakè marigwana ki peze anviron 200kg.

Toujou dapwè deklarasyon chèf pakè pòdpè a, yon lòt operasyon te lanse egalman nan dat 14 novanm pase nan lanwit, lapolis ak lajistis ta pral poze lapat sou Caty Monie ki genyen 40 lane, Olibrice 27 lane ke yo te trake nan zòn riyèl Similyen nan komin Pòdpè, kote lapolis tap pral depiste 410g marigwana ak gd 1900.

Nan menm sware a, otorite polisyè ak jidisyè yo tap pral mete anba kòd nan zòn ri twagras manzèl Gerta ki genyen 49 lane ke lapolis tap chèche depi 25 desanm 2019 pou trafik ilisit.

Antouka, pou chèf pakè Pòdpè a, lapolis ak lajistis pap dòmi yap kontinye trake e mete men nan kolèt bandi ak trafikan ki panse twouble lapè nan depatman nòdwès la.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.