Bono: Louis Timothé, se non yon pechè pwason ki mouri nwaye nan lanmè, dèyè Mòn Van.

173
0
Share:
TRiboLAND

Louis Timothée, se non yon pechè pwason ki mouri nwaye nan lanmè dèyè Mòn Van.

03-05-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Louis Timothé, se non yon pechè pwason ki mouri nwaye nan lanmè samdi 04 mas 2023 a, dèyè Mòn Van, 5èm seksyon Bono, depatman Nòdwès peyi a.

Selon sa kèk pwòch rapòte TRiboLAND, Timothé te al peche depi yè, se lè yo pa wè li, yo tonbe chèche. Kidonk, nan chèche e chèche, finalman maten 05 mas 2023 a, yo jwenn kò a san vi bò lanmè; Timothé te genyen yon liyn ak kòd lank kannòt la ki te nan senti li ak plizyè grenn pwason ke li te gentan kenbe.

Otorite responsab yo nan Bono, mande pechè pwason yo pa pran chans al peche pou kont yo, patikilyèman nan Mòn Van, yon zòn kotyè ki toujou ap baleye anba gro van.

Pierrilien Nicol Colly

Share:

Leave a reply