Bandi ak group gang ame achte vil Senlwidinò lajan kontan

298

Senlwidinò____(TRiboLAND) Bandi ak group gang ame achte lavil Senlwidinò lajan kontan! Depi kèk tan, malfwa yo pran plezi antre nan kay sitwayen pezib, piye, vyole epi pote ale tout sa yo jwenn.

Nan dat dimanch 2 out nan aswè, bandi ki pa idantifyàb te anvayi kay yon pastè byen koni nan vil la, pwente zam sou sèvitè a epi fouye kay li latèt opye. Yo te menm rive vyole yon jenn fi ki te nan kay la.

Denye zak sa te revolte konsyans tout sitwayen nan vil Senlwidinò ki deside defann tèt yo jan yo kapab. Sak pi zèd e revòltan, lè pastè a te ale nan komisarya pou mande èd lapolis, responsab yo te selman konseye l pou l kite kay la. Nan menm sans sa, yè dimanch 9 out la, pandan yon fidèl katolik tap pran chimen pou ale lamès nan maten vè 6è konsa, youn nan bandi ki te patisipe nan zak malonèt lakay pastè a, te atake dam sa, pran valiz li epi blese l ak yon ponya nan do.

Konsa, baton ki bat chyen nwa a, se li ki bat chyen blan an! Popilasyon an ki pa tap domi, pat pran tan pou bay kriminèl la mounen pyès li. Yo arive mete men sou bandi a, pase l alenfinitif epi rache l ak tout kalite zam: koulin, roch e elatriye.

Antouka, sa kap devlope nan Senlwidinò, se yon veritab laperèz ak latèrè o kotidyen! Pèsònn moun pa egzan e responsab yo ta sanble lage sekirite piblik la nan men bandi yo kap fè edefè chak jou Bondye mete!



Comments are closed.