DINEPA ak sipò kèk ONG realyze kèk travay pou rann dlo lanmè a pòtab sou Zile Kayimit

1,084

02-05-2023

Kayimit, Ayiti____(TRiboLAND) Moun Zile Kayimit zòn Pwent Sab, depi ekzistans yo se pran bwa fouye yo ki ranpli ak kalbas, bokit, ganmèl e galon pou brote dlo swa nan Ansavo, Lèbas, Baryadèl nan depatman Nip peyi Dayiti, oubyen nan komin Koray, Pestèl e latriye.

Jounen jodia, DINEPA, nan kad pwojè riral yo ak finansman tankou Care-PNUD, enstale pomp elektrik ak enèji altènatif pou rale dlo lanmè sale ak filtè e rann dlo pòtab pou kominote a sou diferan zòn nan komin Zile Kayimit.



Comments are closed.