Atis entènasyonal ayisyen an Wiclef Jean, mande Premye minis Ariel Henry lage pyel kite pouvwa a.

814

01 – 24 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon pòs atis ayisyen an, Wiclef Jean fè sou kont Twitè li pandan kèlke minit jounen mèkredi 24 janvye 2024 la, atis la fè konnen li pa ka kontinye rete nan silans li, pou li ap gade jan peyi a ap plonje a; konsa, li mande ap premye minis lan rache manyok li bay tè a blanch.

” Ariel Henry! Nan enterè tout ayisyen, demisyone vit nan pòs ou pran dèyè do Konstitisyon an, ou dwe rekònèt ke’w se yon chèf deta defakto. Pou yo pa konsidere’w kòm yon kriminèl lagè”. Se mesaj sa atis entènasyonal ayisyen an, Wiclef Jean voye bay Ariel Henry, ki akapare yon pouvwa kòm byen manman’l ak papa’l.

Comments are closed.