Direksyon depatmantal Polis branch Nòdwès la, entèdi moun vann ni achte “peta” nan okazyon fen ane 2023 a.

765

12 – 05 – 2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non direksyon depatmantal Polis branch Nòdwès la, direktè depatmantal la ki li menm jwe wòl komisè divizyonè, msye Clevens Cetoute, entèdi moun ki ta gen entansyon vann ak achte “peta” nan peryòd fèt fen ane 2023 a, jounen lendi 4 desanm 2023 a.

Pou direktè depatmantal la, rezon ki pèmèt yo fè nòt sa a sòti, se nan lide pou kontinye garanti sekirite popilasyon nòdwezyèn nan, patikilyèman sila yo kap viv nan Site Kapwa Lamò a, sitou nan peryòd fen ane a.
Nan sans sa a direksyon an anonse ak zannana kòm pengwen, yo pare pou yo mare kou krab, tout moun ki ta deside kanpe ankwa kont desizyon sila.

Comments are closed.