Vyolans kap fèt sou fanm ak tifi, se tèm seminè Jistis ak Lapè (JILAP) nan kad jounen entènasyonal fanm yo.

1,206

03-05-2023

Chansòlm, Ayiti ___(TRiboLAND) Soti vandredi 03 pou rive dimanch 05 mas, Jistis ak Lapè tanmen yon seminè ak plis pase 70 fanm ki soti atravè komin Pòdpè, Senlwidinò ak Chansòlm sou tèm ” Vyolans kap fèt sou fanm ak tifi”. Vyolans sou fanm ak tifi ki rete ak moun pa sispann ogmante chak jou ki jou. Vyòl, vòl, movèz tretman, abi elatriye : se divès reyalite fanm yo ap fè fas nan peyi a.

Kriz ensekirite ak sosyo ekonomik yo rann chay la pi lou pou medam yo, chak jou ki jou. Jilap ki se yon antite anndan Legliz Katolik, kap dirije anba lobedyans Reveran Pè Jonas Gué, reflechi ak divès fanm nan zòn Andro, Chansòlm, Nan Mezon Dakèy Monseyè Pierre Antoine Paulo ke Rev Pè Rolson Tousseus ap dirije.

Divès fòmatris, pami yo Escarné Marie Rose te reponn prezan e reflechi ak medam yo sou fason yo dwe konpòte malgre sitiyasyon malouk yap viv. Nan yon seremoni relijyez, Monsenyè Peters Barthélus prezide jounen samdi 04 mas la, Evèk Dyosèz la relate divès angajman Legliz la pran, malgre anpil fwa gen moun ki konprann li mal. Legliz la prezan nan kominote a, tankou : lekòl, jistis ak lapè, Karitas, e latriye. Evèk Dyosèz Pòdpè a, kòmanse omeli a pou di pa tap gen plas pou mete fanm nan seminè sila; kantite kap sibi vyolans chak jou yo anpil; pa kont, sa pòv genyen, se li-l pote nan mache.

Bathélus kesyone moman difisil peyi a ap konnen la, e li poze tèt li kesyon, èske se pa noman ki pote plis tèt chaje pou fanm yo? Estatistik fanm yo montre ke se kouch ki pi viktim nan sosyete a: kidnaping, domistik, kadejak, asasina, e latriye. Moman yo tèlman difisil, li pa sèlman zafè sibi vyolans nan lari, paske jounen jodia divès moun pa epanye.

Monsenyè fini pou di: nou bezwen solidarite pou rive kwape tout pikan kwenna yap mete sou wout nou. Se pa sò nou pou-n nap plenyen tout tan, pandan nou kwaze bwa nou. Nou bezwen gade danje a anfas, pou-n wè kijan nou ka rive detounen-l, pou-l pa rive fwape nou. Remen, se pi gwo solisyon BonDye ban nou, atravè pawòl la, ak obsève kòmandman yo.

Comments are closed.