PÒDPÈ _ DE MOUN BLESÈ GRAV NAN YON AKSIDAN SIKILASYON NAN RI MONFÒ

10/24/2026
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon grav aksidan sikilasyon fèt nan Ri Monfò, nan vil Pòdpè jodi samdi 24 oktòb 2026 la, kote de endividi ki te sou yon motosiklèt 110 tonbe aprè yo te fin frape dèyè yon machin ki te kanpe sou wout la. Daprè temwen ki te prezan sou plas la, motosiklèt la t ap kouri anpil, epi pye moto a t ap fwote sou asfalt la pandan li t ap avanse. Enpak la te vyolan anpil, sa ki lakòz de mesye yo blese grav.
Aprè aksidan an, viktim yo te transpòte an ijans nan lopital pou resevwa swen nesesè, paske yo pa t kapab kenbe kò yo. Blesi yo te prezante sou diferan pati nan kò yo, sitou chofè motosiklèt la ki te pèdi konesans, daprè enfòmasyon ki disponib yo. Aksidan sa a vin ajoute sou lis ensidan sikilasyon k ap kontinye fè viktim nan vil Pòdpè ak nan lòt zòn nan peyi a, sitou akoz eksè vitès, neglijans ak mank pridans kèk chofè sou wout yo.
Fas ak sitiyasyon sa a, plizyè sitwayen mande otorite konsène yo pran mezi pou kontwole machin ki kanpe sou wout piblik yo, sitou nan koub ak nan zòn kote yo ka reprezante yon danje pou lòt moun. Yo pwofite lanse yon apèl bay chofè motosiklèt ak lòt otomobilis pou yo fè plis pridans, respekte règ sikilasyon yo epi evite eksè vitès. Paske sou wout, yon ti moman neglijans kapab lakòz gwo dega, blesi grav oswa menm lanmò.






