“Jenès Pozitif pou Pòdpè” fokis nan sove vi moun

0 413

Pòdpè__(TRiboLAND) Nan kad dezyèm edisyon pwojè ki rele “Port-de-Paix en Mouvement,” òganizasyon “Jenès Pozitif pou Pòdpè” òganize divès atelye travay fòmasyon sou “Pote Sekou” pou jènn Nòdwès, Dayiti yo.

Konsa, avèk detèminasyon strikti lokal sa pou ranfòse konpetans lakay jènn yo nan bay divès viktim pwemye swen nan sitiyasyon dijans, 30 jènn nan Pòdpè te arive patisipe e benefisye fòmasyon Sekouris sètifye depi 24 rive 28 Fevwiye 2020 an.

Nan yon anbyans konsyantizasyon ak konsantrasyon, anba lobedyans ak ekspètism monitè rejyonal Sant Fòmasyon Lakwa Wouj Ayityènn (CDR-CRH), jènn fi kon gason te benefisye pandan pluzyè jou divès seyans tewori ak pwatik ki chita sou diferan modil tankou: transpòte viktim sou bwanka, swen blese, swen bwile, fwakti, emoraji ak anbalaj e latriye.


Apwenan yo ap fè pwatik nan transpòte moun sou bwanka

“Objektif pwimòdyal yon tel atelye se dote jènn yon konpetans nan sove vi moun nan ka aksidan ou katastwòf natirèl; li egalman vle di tou: retounen kichòy bay Pòdpè an tèm de sa vil sa te ban nou kòm edikasyon,” dapwè Enjenyè Agwonòm Clavens Zidor ki se Sekretè Jeneral “Jenès Pozitif Pou Pòdpè.” Yon sitwayen ki kwè nan oryante jènn Nòdwès yo nan yon lòt nivo! Bwavo!

Ankò, se dezyèm edisyon pwojè òganizasyon “Port-de-Paix en Mouvement,” ki jwenn sipò finansye bò kote Anbasad Amerikènn ki nan peyi Dayiti.

Leave A Reply