Finiray bòs Leger Joseph, papa jounalis Anel Joseph chante nan lokalite Lafèm 10èm seksyon kominal Tigwav.

09 – 19 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Antèman bòs Leger Joseph, papa jounalis korespondan Radyo Televizyon Karayib, Anel Joseph, chante jounen vandredi 18 septanm 2026 lan, nan yon legliz ki nan lokalite Lafèm, 10èm seksyon kominal Dèpal, Tigwav.
Bòs Leger Joseph ki te kiltivatè e yon elvè nan kominote a, li genyen 7 pitit 4 fanm ak 3 gason, li mouri alaj 76 zan , nan rezidans prive li swit ak yon maladi kwonik ki li tap andire avèk kouraj. maladi kourajegman sipòte.
Ekip TRiboLAND lan, ki genyen PDG Louis Louissaint nan tèt li, prezante senpati li bay fanmi konfrè jounalis Anel Joseph ki frape anba yon parèy dèy. Ke nanm Leger Joseph repoze nan lapè Loryan Etènèl.






