Rara Tigwav-Kòdonatè Mouvman Jenès Revòlte mande leta ayisyen pou mete lajan disponib pou Rara yo fonksyone nan okazyon fèt paskal la.

1,102

02-15-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou la près aprèmidi mèkredi 15 fevriye 2023 a, Kòdonatè Mouvman Jenès Revolte a MJR, Hary Saint Jean mande leta santral pou mete lajan disponib yon fason pou fasilite rara yo fonksyone nan okazyon fèt paskal la, espesyalman nan komin Tigwav.

Responsab MJR a, plede pou genyen bon ankadreman pou rara yo. Li rete kwè ke rara a se idantite nou, e yo kapab itilize rara yo pou kontribye nan transfòmasyon sosyete ayisyènn nan.

A la tèt estrikti MJR a, deklare ke rara a, se yon sektè leta ayisyen neglije aloske li estime, sektè a reyini plis pase 85% nan popilasyon an, pandan’l kritike leta a, ki pa genyen kontwòl kantite bann rara ki genyen nan peyi a.

Kòdonatè Mouvman Jenès Revolte (MJR), Hary Saint Jean ankouraje fiti palmantè kap genyen pou rantre nan palman an, pou vote yon lwa yon fason pou reglemante fonksyonman rara yo nan peyi Dayiti. Pou Kòdonatè a, li pa nòmal pou yon moun leve yon bon jou pou l mete kanpe yon bann rara san okenn baz legal.

JOICY Arnold

foto: wilson norée

Comments are closed.