Plizyè milye moun pran lari nan komin Senlwidinò pou mande disparisyon gouvènman Ariel Henry a.

02 – 07 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Pou yon lòtfwa plizyè milye moun pran lari nan komin Senlwidinô pou egzije depa Arivis Ariel Henry a ki sèvi entènasyonal tchoul pou trennen peyi fatra ak dezonètete.
Ak yon eslogan tchanpan rache manyòk ou bay tè Papa Desalinn nan. Manifestan yo tap fè tande deleyans yo, kèk pami yo te brandi drapo Larisi pou ede yo debarase ak kolon enperyalis kriminel kap mete pye sou kou yo depi egzistans peyi Papa Desalinn nan.
Manifestan yo kite gen pankat nan men ak fèybwa egalman tap rele aba blan meriken e viv Larisi. Yo tap mande blan meriken vin chèche konplotè tchanpan yo a, si yo pa deside pou peyi a redwi ansann.






