Lameri resevwa prezidan Akademi franzèz la, Dany Laferrière nan otèl Fòwayal Tigwav.

51
0
Share:
TRiboLAND

07 – 21 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Lameri nan Tigwav resevwa pandan weekend lan, prezidan Akademi fransèz la, Dany Laferrière nan otèl Fòwayal Tigwav.

Diskisyon yo te chita sou enpòtans lakilti ou literati ayisyèn nan. Renome entènasyonal la ou Akademisyen an, Dany Laferriere te pwofite fè konnen ke vizit li a, plis antre nan yon demach pou fè pwomosyon ekriti ak reyone lakilti.

Dany Laferriere, ki se pitit natif natal vil Tigwav, fè konnen prezans li nan Tigwav pa sèlman konvèje sou lakilti, men li egalman yon pase swaf nostalji ou nan sa ki genyen pou wè ak sonje lakay e pase bon moman distraksyon ak kominote a.

Li ajoute pou li di, okazyon sila fasilite echanj ant jèn ak jèn atravè mond lan, patikilyèman sa yo ki renmen literati.

Share:

Leave a reply