Ernst François kritike raketè kap koupe kou moun nan zafè fè Paspò atravè peyia.

1,081

Avèk vini pwogram Administrasyon Biden lan mete sou pye, pou pèmèt 30 000 migran antre Etazini, kap soti tankou Venezwela, Kiba, Nikaragwa ak Ayiti. Divès moun pwofite ap fè malere abi nan pwosesis fè paspò a.

02-15-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan kad soutyen Ernst François te pote ak “La Pou La Ajans Vwayaj” ki gen difikilte pou trete dosye nan Biwo Imigrasyon Pòdpè a, li te profite fè ti pale ak Laprès pou eklèsi divès moun ki gen move konsepsyon sou ajans vwayaj yo. Pou PDG Radio New Star ak yon moun kap evolye nan domèn ajans vwayaj la, yon ajans se yon biwo legal ki gen egzekwati pouvwa egzekitif la, yon fason pou ka motive popilasyon an pou bay yon sèvis nòmal.

Li menm kap evolye depi nan lane 1994 nan domèn lan, e ki abitye ak PDG La Pou La Ajans Vwayaj, Metelus Pierre Francklin ; jan anpil moun gen movèz konsepsyon sou ajans nan peyia, an patikilye nan depatman Nòdwès la, li pa pou tout. Se pa tout moun kap fonksyone nan domèn lan, ki ap fonksyone mal; malgre li rekonèt gen anpil raketè nan domèn lan. La Pou La Ajans de Vwayaj, se yon Ajans ki legal depi 13 janvye 2009 atravè yon arete prezidansyèl, alepòk se te René Garcia Preval ki te Prezidan peyi Dayiti.


Ki donk, Ajans lan gen dwa trete dosye li ak tout libète nan biwo Imigrasyon yo san entimidasyon. Daprè PDG La Pou La Ajans Vwayaj la, Metelus Pierre Francklin, vini yo Pòdpè se akoz kantite pwoblèm moun Nòdwès ap fè fas nan moman. E lè li reyalize, majorite moun ki nan diaspora a, se moun Nòdwès. Malgre sètèn fwa responsab Imigrasyon Pòdpè yo vle sèvi baryè pou yon bagay ke yo gen dwa pou li.

Nimewo Radio New Star a, ki konsidere nivo ensitasyon ki gen nan demand paspò nan dénye jou sa yo tankou yon fenomèn, pwofite kritike moun kap fè dapiyanp sou malere nan fè yo peye pyès ak yon pri koupe kou. Pou li menm, sa se yon krim, pou yon moun ap pran 50 000 ou 75 000 mil Goud pou fè yon paspò pou yon moun, mwen menm Ernst François, sim konn yon moun fè sa, map fè yo arete-l. Se pandan, Ajans yo pa ka bay sèvis yo nan menm pri ak Leta, paske gen divès estrateji nan sa ki gen pou wè ak depans yo, men Konsa you, yo pa ka bay sèvis la nan yon pri ki egzajere.

Li pwofite pou di, moun yo dwe konprann reyalite a, paske se yon Leta trennen pye ke peyia genyen. Biwo imigrasyon yo pa gen ase jèvrenn pou reponn ak kantite demand yo chak jou nan pran yon kantite moun nan menm moman, sitou ak posiblite Leta ki deja limite.

Comments are closed.