Tigwav defile Rara: 8, se kantite bann ki patisipe nan defile Rara nan lokalite Volant Tigwav.

235
0
Share:
TRiboLAND

04-09-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 8 bann patisipe nan 1e edisyon defile Rara anba tèm “Jesyon pwoteksyon anviwonman, se yon devwa sitwayen”; sa pase nan yon lokalite ki rele Volant, 11è seksyon kominal Tigwav aprèmidi dimanch 9 avril 2023 a.

Aktivite sa a, fèt sou inityativ 2 òganizasyon, “Rasableman Peyizan Pwogresis” 11è seksyon (RPP11) ak yo ONG entènasyonal Ayiti 109, òganize pwogram sila. Objektif la, se ankouraje ni sitwayen kap viv nan vil la, ni sa kap viv nan mòn, nan kad enplikasyon yo nan jesyon anviwonman an e preche tèt ansam, lapè, amoni nan mitan Rara kap goumen e fè vyolans sou pwòp frè parèy yo.

Sen Franswa Devarye, Lanmè Gaye, Sen Andre Kamowo, Sen Michèl, e Ògèy nan 8è seksyon, ak Sapirèd, se non 8 bann ki patisipe nan kad defile 1e edisyon Rara ki tap mete anpil animasyon nan lokalite Volant ki sitiye li anviwon 5 kilomèt de wout nasyonal nimewo 2 a nan nivo Nan Mawo

Nap fè remake, Smith Sauveur alias Jean ak agonòm Noel Alex, se 2 inisyatè aktivite sila, ki remèt sou plas chak dirijan Rara ki patisipe 10 mil goud ak divès kat telefòn e mayo.

Yon aktivite ki fini san dezòd ak machwè gonfle; responsab yo pwofite remèsye bann Rara yo ak manm nan popilasyon an ki te kolabore e pèmèt festivite yo te fini sa gwo tèt chaje.

JOICY Arnold

Share:

Leave a reply