Bandi sou moto siklèt krible anba bal yon avoka nan Tomasen 30

991

02-15-2023

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) Ensekirite a pran yon reviman enkyetan; moun ap mouri anba men vwayou malad mantal kap kontinye teworize tout yon popilasyon avèk konplisite gouvènman an ki benefisye angro nan klima ensekirite a.

Yvon Pyram, avoka dekaryè, se yon lòt kad ke bandi krible anba bal aprèmidi mèkredi 15 fevriye a, nan Tomasen 30, yon kalfou lanmò nan Petyonvil.

Selon enfo yo, viktim nan te anba atak nèk ak zam ki te sou moto siklèt e desann krible machin avoka Pyram anba bal malfwa kap efondre peyi a.

Comments are closed.