ACPVH ankouraje paran elèv yo pou yo repran’n aktivite travèse elèv yo nan lari Tigwav pou ane akademik 2026 – 2027 lan

09 – 22 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Dirijan action civique pour la protection des vies Humaines (ACPVH), nan yon konferans pou laprès jounen lendi 21 septanm 2026 lan, sou Plas Lalibète ankouraje paran lekòl piblik ou pwive pou repran’n aktivite travèse elèv yo nan lari Tigwav pou ane akademik 2026-2027 la.
Kòdonatè ACPVH la, Jolicoeur Alfonse nan entèvansyon li, deklare se avèk anpil pwoblèm mete sousa yo te deja genyen yo rive redemare avèk aktivite travèse Timoun lekòl yo nan lari a. Yo mande paran elèv lekòl piblik ak pwive yo, direksyon lekòl yo, lapolis, lameri ak manm nan popilasyon sivil la pou mete tèt ansanm pou wè kòman yo kapab lonje men bayo pou fasilite yon parèy travay.
Kòdonatè Jolicoeur Alfonse, felisite komisè polis Tigwav la, Herard JOSEPH ak tout ekip li, komisè gouvènman ai pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Danilo Valès ak lameri pou kèk sipò yo arive bay nan fason pa yo.
Yon lòt kote, dirijan ACPVH yo lanse apèl bay otorite yo nan lameri ak travo piblik transpò ak kominikasyon (MTPTC) pou yo pran responsabilite yo pou aseni 4 kwen vil Tigwav ki chaje ak fatra tout kalite, daprè yo , Timoun pa ta dwe ap mache sou fatra pou yo ale lekòl.






