Mouvman Renesans Tigwav tanmen yon kanpay netwayaj sou wout nasyonal # 2 a nan zòn Pon Ladig.

1,005

12-22-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Mouvman Renesans Tigwav (MOREP) tanmen yon kanpay “netwayaj kanal”, maten jedi 22 desanm 2022 a, sous wout nasyonal nimewo 2 a, nan zòn Pon Ladig, nan okazyon fèt finisman ane a. Nan lide pou kenbe zòn nan pwòp, pa selman pou fèt fen dane selon ekip netwayaj la ki fè konnen tout otan òganizasyon an egziste setout otan yo detèmine pou genbe zòn nan pròp.

Kòdonatè MOREP la, Denisca Casimir ki deklare ke li klè ke Tonton Nwèl pap vizite moun nan komin Tigwav ane sa a. Sa eksplike atravè mizèrere popilasyon sa ki pa genyen kouraj pou batay ankò kont: grangou san parèy, lavi chè, mizè tout kalite, gaz ki pa janm disponib nan ponp yo, gwo pil fatra gaye kò toupatou nan peyi a. Ensekirite, kidnapping, blackout mete sou problèm politik yo kap wonje peyi a depi plizyè ane.

A la tèt Mouvman Renesans Tigwav la, Denisca Casimir presize tout sa yo, li relate yo, se rezilta 10 zan PHTK ki fini ak pèp ayisyen an.

Nap few konnen aktivite sa a, jwen bourad aktyèl Kazèk 12èm nan ak ansyen majistra Jean Samson Limongy ak jèn nan zòn nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.