Gwo selebwasyon fèt patwonal Sent Rose Delima nan Leyogann

666

Vrè siklòn lan se pa Franklin, men pito siklòn movèz gouvènans lan, daprè Rev Pè Jean Miguel Auguste

08-23-2023

Lewogan, Ayiti_____(TRiboLAND) Moun Lewogann yo fete fèt Sen patwon yo, Sent Rose Delima jodi mèkredi 23 dawout 2023. Yon fèt ki pat genyen twòp pèleren akoz dat abityèl la ki te chanje sou administrasyon ansyen Pè Legliz la, Fritz Sauvageur.

Nan omeli sikonstans lan, Pè Jean Miguel Auguste souke Legliz la ak prèch li a. Daprè prèt Katolik la, vrè siklòn kap ravaje peyia, se pa Franklin men pito movèz gouvènans.

Pè a kontinye pou di, gen yon seri dirijan ki pa konstwi anyen, men yo pito detwi sa yo vinn jwenn. Nan peyi Dayiti, siklòn Franklin gen divès non kap wonje popilasyon an, tankou: ensekirite, mizè, kidnapping, vyòl, pou site sa yo sèlman.

Divès moun nan komite a mande kire pawas la retounen komemorasyon fèt la nan dat nòmal li ki se 30 dawout, e mande gouvènman defakto Ariel Henry a, pran konsyans pou fè yon bagay pou peyia ki vrèman ap nwaye nan touman.

Comments are closed.