Ansyen senatè Youry Latortue ak konpayèl li, Joseph Lambert riske ale nan prizon pou kòripsyon

1,068

06-22-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan zafè kòripsyon ki enplike ansyen senatè Youry Latortue, jij Marthel Jean Claude pwononse vèdik la.

Youry Latortue, ke rapò ULCC fistije pou reselè nan bay manman li avantaj bab e moustaj, refere devan yon tribinal kriminèl pou fè wout kwochi ak byen piblik ak enterè ilegal.

Alòske vèdik jij Marthel Jean Claude la, ale pi lwen, pou li pase pran egalman konpayèl Youry, ki se Joseph Lambert, ap genyen pou al devan tribinal koreksyonèl pou kanpe an bandoulyè kont lajistis, daprè òdonans jij la.

Antouka, nan sans sa, Youry Latortue riske pase yon pènn 3 jiska 7 lane nan pwizon, alòske Joseph Lambert kapab pase dèyè bawo, yon mwa jiska 3 mwa, jan sa estipile nan atik 4.5 nan lwa 12 mas 2014 la sou koripsyon.

Comments are closed.