Florid Arestasyon: Plizyè lòt annafè, pami yo Antonio Intriago anba minòt FBI nan kad asasinay Jovenel Moïse la.

1,265

Twa annafè, pami yo Antonio Intriago, se non pwopriyetè antrepriz ki pote non CTU, ke FBI arete pou enplikasyon yo nan konplo zak asasinay sou ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, Jovenel Moise.

02-14-23

Florid, Etazini___(TRiboLAND) FBI anonse jounen madi 14 fevriye 2023 a, ke li prosede ak arestasyon 3 annafè, pami yo ou jwenn Antonio Intriago, pwopriyetè yon konpayi sekirite (CTU) ki nan lokalite Doral, Florid e ki ta enplike nan konplo pou te kidnape e asasinen ansyen chèf Leta ayisyen, Jovenel Moïse, nan dat 7 jiyè 2021.

Antonio Intriago se yon eleman enpòtan nan dosye zak asasinay prezidan an. Li se pwopriyetè CTU, dapwè revelasyon yo, li te genyen responsablite pou anboche mèsenè konlonbyen yo pou te materialize krim entènasyonal la, daprè yon seri revelasyon.

Akote Antonio Intriago, FBI mare egalman kon grab, Walter Veintemilla, ki se yon chèf Capital Lending Group (Yon konpayi ki prete moun gro tonton lajan) ki lokalize nan vil Mirama nan Florid. Genyen direktè operatè CTU Federal Academy LLC, Arcångel Pretel Ortiz ki pran minòt egalman.

Li enpòtan pou konnen, menm jounen madi 14 fevriye 2023 a, Lajistis Amerikèn te deja anonse yon chita tande avèk Laprès nan Miami, Florid nan kad founi plis detay sou dosye sila.

Anpil nan avoka fanmiy defen an kap fè bwas pou jwen jistis, estime se yon gro avanse nan kad pouswiv malfektè yo.



Comments are closed.