Akizasyon malfezans seksyèl: Yon tribinal espòtif blanchi tankou lanèj, ansyen prezidan federasyon ayisyèn foutbòl, Yves Jean-Bart, alyas “Dadou”.

951

02-14-2023

Me ki sa Triboland konnen sou dènye desizyon TAS, pou blanchi enfraksyon zak sisinay seksyèl yo ki te tonbe sou Yves Jean-Bart alyàs (Dadou), ansyen prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la.

  • Se te nan dat 20 novanm 2020, Chanm Enstriksyon Komisyon Etik FIFA a te pran desizyon pou voye nan kanpe lwen pa proche Yves Jean-Bart sou akizasyon eskandal seksyèl sou ti lèzanj foutbolèz ayisyèn.
  • Djò Yves Jean-Bart nan tèt Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, te prèske etènèl; li te deja genyen plis pase 20 lane nan yon parèy pozisyon.
  • Yon atik nan jounal blan angle ki rele “The Guardian”, te devwale ke Dadou ta fòse yon seri ti inosan foutbolèz ayisyèn fè jwèt devègonde ak sisinay avèk li nan Centre Technique National de la Croix-des-Bouquets (le Camp Nou).
  • Dadou te trouve li anba gro envèstigasyon fas ak eskandal seksyèl sa yo ki te bay foutbòl ayisyen an yo gro pataswèl.
  • Òganizasyon ki regle kesyon Dwa Moun  te reproche Dadou e FIFPro te soumèt yon dokiman 30 nan konplisite ak Chanm Enstriksyon Komisyon Etik FIFA a te soumèt yon dokiman ki te genyen apeprè 30 viktim ki te kenbe zonbi Dadou kòm kadejakè.
  • Nan dat 20 novanm 2021, aprè rapò final Komisyon Etik FIFA a sou envèstigasyon yo, Chanm Jijman Komisyon Etik FIFA a te pran desizyon pou sanksyone Dadou e menm voye li nan kape lwen aktivite foutbòl la pou letan e pou letènite.
  • Nan dat 27 janvye 2021, Dadou te ale alapèl fas ak desizyon Chanm Jijman Etik FIFA a. Li te detèmine pou kontinye plede inosans li devan Gran Toryan, Tribunal Abitraire du Sport (TAS) yo, e menm mande pou anile sanksyon manch long ki te tonbe sou tèt li a.
  • Aprè yon lane rale mennen vini ak moute desann san fatige ak imilyason, priyè Dadou moute e gras la desann.
  • TAS tranche, aprè anpil bwas ak fouye zo nan kalalou. Li voye jete desizyon ak repwòch key o tef è Dadou yo sou baz ensifizans evidans.
  • Antouka, posiblite pou Dr. Yves Jean-Bart retounen ou repran plas li nan aktivite foutbòl la estime prèske 99% chans.

Comments are closed.