Disèt mil senksan karann de, se kantite kandida kap patisipe nan ekzamen bakaloreya pèmanan sou tèritwa peyi Dayiti.

1,119

02-14-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Disèt mil senksan karant de (17.542), se kandida kap patisipe nan ekzamen Bakaloreya pèmanan pou klas filo, kap dewoule soti ayè lendi 13 kap bout jedi 16 fevriye 2023 a, sou tout etandi peyi Dayiti, pou ane akademik 2022-2023 a.

Pou komin Tigwav ak Gran-Gwav, genyen anviwon 205 kandida kap evalye, pami yo 10 soti Gran Gwav. Egzamen an ap dewoule nan lekòl EFAKAP Tigwav la, ki reparti nan 12 sal klas sou kontwòl 24 siveyan, selon Kòdonatè depatmantal Lwès Leyogann (BDS) nan, Ancion Jean Mary Gabriel.

Pou premye jounen, yè lendi 13 fevriye 2023 a, kandida yo te evalye nan Filozofi nan maten; e aprèmidi, yo te konpoze nan Chimi ak Biyoloji.

Maten madi 14 fevriye 2023, kandida yo konpoze nan Syans Sosyal, e nan aprèmidi yo evalye nan SVT.

Sou bò pa kandida yo, opinyon yo pataje konsènan pòte ekzamen yo, genyen ki di ekzamen pat nan nivo yo, paske daprè yo, lavi chè, grangou, blackout, peyi lòk, ensekirite, kidnapping ak tibilans politik anpeche yo konsantre sou egzamen an. Pou sèten lòt candida, yo estime ke ekzamen yo pa ta twòp difisil, sepandan responsab yo pat bayo ase tan pou evalye.

JOICY Arnold

Comments are closed.