Me kisa TRiboLAND konnen apwopo fineray ansyen majistra Okay la, Jean Gabriel Fortuné ki chante jodi 28 out 2021 an

1,282
  • Ansyen majistra vil Okay la, Jean Gabriel Fortuné te mouri anba dekonm nan pwòp otèl pa li ki rele Le Manquier” , apwè gwo aktivite gwoudou gwoudou ki fwape latèt opye Gran Sid la, 14 out 2021 an ki koute lavi plis pase 2200 moun.
  • Seremoni funèb la te chante nan “La Crétonne Hôtel”, nan vil Okay.
  • Se te Reveran pè Jeannot Luxama ki te selebran pwensipal seremoni an.
  • Fon omeli sikonstans pè Luxama te plis chita sou vi defen an ki te yon politisyen modèl pou jenerasyon l lan.
  • Pè Luxama deplore depa pwesipite Gabriel Fortuné ki se frè Margareth Fortuné ki te responsab Lotri Nasyonal pandan plizyè lane sou PHTK.
  • Ansyen senatè a, te yon politisyen madre, yon sosyològ, yon antreprenè e yon pwofesè.
  • Plizyè politisyen ayisyen te pwezan pou di “Ce nest qu’un au revoir à Gabriel Fortuné”.
  • Pami politisyen ki te pwezan yo, ou jwenn: Pwemye minis Ariel Henry, minis Afè Lòt bò Dlo Claude Joseph,  ansyen senatè Jean Rénel Sénatus, ansyen depute Gary Bodeau, ansyen senatè Youri Latortue, Eric Jean Baptiste pou RDNP pou nou site sa yo sèlman.
  • Pou Patrick Jules, Gabriel te toujou ala rechèch moun ki gen konsyans nasyonal pou bati yon lòt Ayiti.
  • Pou ajan egzekitif Marie Sylvie Rameau, Gabriel Fortuné te genyen yon dimansyon chèf deta; penensul Sid la pwàl soufwi anpil pwezans li.
  • Pou senatè repiblik Pierre Francois Sildor, defen an te yon vizyonè e li te patizan yon chanjman ideyàl.
  • Pou Pascal Adrien, ansyen senatè a te metrize nosyon lut sosyàl nan peyi Dayiti trè byen.
  • Gabriel Fortuné te yon konseye degras pou defen Jovenel Moise.
  • Ansyen senatè a antere nan vil natal li, Torbeck ki pa twò lwen ak vil Okay.

Comments are closed.