Dyosèz katedral Pòdpè a pran kou: Rev. Pè Georges Athis di planèt la babay

Pòdpè, Ayiti_____(Triboland.) Sektè relijye ak edikasyon an nan Nòdwès pran yon lòt gwo kou ankò! Aprè lanmò Rev. pè Ronald Jeannite, yon prèt Monfòten, nan dat 07 avril ki pase a, koulya se toupa Rev. pè Georges Athis, yon prèt dyosezen ki di planèt la babay.
Pè Georges Athis se moun komin Janrabèl. Se te yon ansyen jijdepè anvan l te vin prèt. Li te pase enspektè answit direktè depatmantal pou Edikasyon Nasyonal nan Nòdwès.
Se ak anpil tristès ki melanje ak dezolasyon, direksyon Collège Notre Dame De Lourdes nan Pódpè a, kote pè Georges Athis te fè pati Konsèy lan, anonse jedi 08 me 2025 lan, lanmò gro potorik gason sila, nan yon lopital prive nan vil Podpè.
Se yon kou di ni pou dyosèz katedral Pòdpè a ak ni pou sektè edikasyonèl lan. Konsa, nan moman n ap pale la, tout je paran, fanmi, zanmi, kolèg prèt parèy defen an, brake sou klèje dyosèz la, Mgr Charles Peters Bathélus ki pou fikse dat fineray Rev. pè Georges Athis ki mouri a 73 lane.