Senlwidinò: Siyasyon lamantab pou moun ki pral chèche transfè nan biwo CAM

1,143

09-28-2022
Senlwidinò, Ayiti ___(TRiboLAND) Se yon kalvè popilasyon nòlwizyèn nan ap monte pou resevwa yon ti kòb nan biwo CAM transfè nan komin Senlwidinó.

Se yon veritab peripesi pou moun resevwa yon ti kòb nan anndan yon biwo CAM nan komin nan. Moun pa pakèt e latriye, tout plim tout plimay, soti nan diferan kontre e leve byen bonè pou kanpe kon sadinn nan yon liyn manch long byen bonè douvanjou.

Selon kèk moun nan mikro TRiboLAND.com, yo ta fè konnen yo la depi 6 zè nan maten jiska 4 trè aprè midi; malgre sa, genyen nan yo ki pa menm ka resevwa ti tchotcho ke fanmi ou zanmi yo voye pou yo. Sa ki pi grav la si ou gen 100 dola blan meriken, se an 2 vèsman wap kapab resevwa l.

Pou anpil moun, sa se rezilta 5% boujwa ak politisyen sangwen (kò mafya) ki detèmine pou efondre peyi a.

Comments are closed.