Entèvansyon tranble janm lapolis nan Sen Mak: 8 manm gwoup baz “Kamikaz” anba kòd

455
1
Share:
TRiboLAND

10 – 24 – 2024

Sen Mak, Ayiti______(TRiboLAND) Aprè yon operasyon tranble janm lapolis fè nan tèt kole ak UDMO nan dènye jou sila yo nan komin Sen Mak, 8 manm sangwen ki pote anpwent gwoup baz “Kamikaz” arive jwen arestasyon yo nan Sen Mak.

Arestasyon gwoup sangwen sila yo, arive fè nan kad yon desann dèlye lapolis efektye nan objektif pou kraze plat atè yon rezo trafikan dwòg ki achte Site Boston lajan kontan. Fòs lòd yo fouke, Télex Christophe, Clarens Duperon, Papouche Jean Louis, Carly Douze, Charline Doffin, Donald Pierre, Michel-Ange Pierre e Marc Bronson Joseph. Yo akize annafè yo kòm moun ki nan asosyasyon malfektè kap fimen e vann bwiganday.

Nap raple, pandan kout sènay lapolis la, yon gwo pakèt fèt sèch bwiganday arive sezi ansanm avèk senk telefòn pòtab.

Share:

1 comment

  1. smorter giremal 3 November, 2024 at 13:57 Reply

    There are actually a whole lot of details like that to take into consideration. That is a great point to convey up. I provide the ideas above as common inspiration however clearly there are questions like the one you convey up the place the most important factor will likely be working in sincere good faith. I don?t know if greatest practices have emerged round things like that, but I am certain that your job is clearly identified as a fair game. Each boys and girls feel the affect of just a moment’s pleasure, for the rest of their lives.

Leave a reply