Kolektif anseyan nouvote edikasyon nan peyi dayiti (KENEH) entsale yon nouvo komite rejyonal nan komin Tigwav.

1,106

12-19-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND)  Lendi 19 desanm  2022 a, Kolektif Anseyan Nouvote Edikasyon peyi Dayiti (KENEH) enstale yon nouvo komite rejyonal nan komin Tigwav epi denonse deriv yo di minis edikasyon an, Nesmy Manigat ap fè nan ministè a.

Kòdonatè nouvo komite rejyonal (KENEH) la, Jean Marie Ferdinand, deklrare nan okazyon an, yo mete kanpe estwikti sa a, nan site souloukwaz la, se nan lide pou yo restore lit sendikal edikasyon an nan peyi Dayiti.

KENEH pwofite pou denonse yo seri deriv, yo di minis Nesmy Manigat ap fè nan sistèm edikasyon an sou administrasyon pa’l la.

Yon lòt bò, a la tèt komite a, Jean Marie Ferdinand kritike minis edikasyon an, Nesmy Manigat li di, kap pran desizyon san konsiltasyon pèson pou separe lise yo pou voye nan lekòl nasyonal aloske etablisman sa yo pa genyen ase espas pou resevwa kantite volim elèv kap frekant enstitisyon sa yo.

Nap fè remake, KENEH genyen syèj sosyal li nan ri Maglwa Abwaz nan # 232 Pòtoprens, Ayiti. 

JOICY Arnold

Comments are closed.