AKPNO reyaji jounen saa aprè arestasyon ilegal konfrè Jounalis Radio Canari, Widelyn Guiomètre nan Wanament depatman Nòdès.

18/05/2021
Nòt pou Laprès
Asosyasyon Korespondan Près Nòdwès la (AKPNO), denonse ak tout fòs li arestasyon ilegal ak detansyon abitrè konfrè Radio Canari a nan depatman Nòdès la, Widelyn Guiomètre, nan dat 15 me 2021 an sou manda darè yon jij denstriksyon ki nan jiridiksyon sa a.

ACPNO denonse egalman pèsekisyon ak zak entimidasyon k ap fèt kont korespondan Radyo Zenith lan, Darry Noel ki nan depatman Nip lan. Kidonk, pakè Miragwàn lan ki gen nan tèt li komisè Jean Ernst Miscadin, pa sispan ap ekzèse presyon sou korespondan radyo saa pou di l ap arete l jou ki te jedi 13 me 2021 an .
ACPNO denonse pèsekisyon politik ak zak entimidasyon k ap fè kont yon ansanm korespondan deprès nan kèk depatman nan kad egzèsis pwofesyon yo ke konstitisyon 29 Mars 1987 amande a garanti, selon atik 28-1, 28- 2.
ACPNO pote tout solidarite li bay Widelyn Guiomètre, nan Wanament ak Darry Noël nan Miragwàn. ACPNO raple otorite yo nan peyi a ke korespondan yo pa pitimi san gadò. Li mande yo pou sispan zak represyon yo ak fèmen robinè san konfrè yo ki déjà tonbe. Si lajistis genyen yon repwòch kont yon korespondan deprès, la lwa deja trase kòman sa dwe fèt.
Asosyasyon Korespondan Près Nòdwès pwofite okazyon sa a tou pou kondane atak ame ki te fèt sou jounalis Radyo IBO a, nan pòtopwens ki se Yandy Frantz Fidèl. ACPNO mande pou Lalwa reprann plas li nan sosyete ayisyèn nan. Leta ayisyen dwe garanti sekirite tout Journalis, tout korespondan deprès, ki pa janm bouke sibi zak entimidasyon arestasyon ilegal ak lanmò anba men pouvwa nan peyi isit.
ACPNO pa sispann poze kesyon pou konnen kilè la jistis an Ayiti ap fè bon jan limyè sou disparisyon Jounalis e fotograf Legagneur, Rospide Petion ansanm ak Néhémie Joseph?
ACPNO mande pou korespondan yo ak jounalis toujou rete nan etik ak deyontoloji ki reglemante pwofesyon jounalis la.
Asosyasyon Korespondan près la nan depatman Nodwès atire atansyon opinyon nasyonal ak entènasyonal la sou zak entimidasyon, pèsekisyon politik ak menas lanmò ki pa sispann plane sou tèt Travayè Près yo nan peyi dayiti.
ACPNO p ap pran nan presyon politik politisyen ak politisyèn, pandan jounalis yo ap toujou rete soude ak misyon yo ki se fòme ak enfòme popilasyon an. Viv Yon près lib, pwofesyonèl ki chita sou Manman Lwa peyi a ak etik deyontoloji pwofesyon an.
Nòt sa fè pòdpè, depatman Nodwès,18/05/2021
Me jeanrisner Jean-Baptiste, avoka, Jounalis,
Sekretè jeneral Asosyasyon korespondan près nodwès (ACPNO/ ACPNO).






