Yon lòt jounen pwotestasyon masiv kont diktatè Jovenel Moise nan peyi Dayiti

505

03/29/2021

Pòtopwens____(TRiboLAND) Popilasyon ayisyèn nan detèmine pou diktatè pa tounen sou moun ankò anndan peyi Dayiti. Konsa, yon lòt fwa ankò yo te pran lari pou selebwe 34 lane Manman Lwà peyi a e pou rele egalman chalbarik dèyè pwojè lòbèy diktatoryàl prezidan defakto a, Jovenel Moise.

Dezyèm jounen manifestasyon kont diktatè Jovenel Moise nan kapital Dayiti a, te reyini tout sèktè; kòmanse sou lidè relijye ak politik, pou rive sou senp malere kap bat dlo pou   fè bè anndan peyi a. Yon foul ki estime a plizyè milye sitwayen ayisyen te kòmanse pran jarèt nan Kafou rezistans lan nan zòn ayewopò e t’al bout jous sou plas Konstitisyon an ki se Chadmàs jodi lendi 29 màs 2021 an.

Anpil barikàd kawoutchou anflame te remake sou wout Delma a e militan yo pat manke voye yon seri slogan devègonde kont pouvwa defakto a ke yo fè sonje ke manda’l bout depi 7 fevwiye 2021 an, selon atik 134-2 Manman Lwà peyi Desalin nan.

Pwotestatè yo te egalman lonje dwèt jouda sou kominote entènasyonal la kap supòte kidnapping, kòripsyon, ensekirite ak gang atravè yon gouvènman ilegal, inkilpe e diktatè.

Kontrèman a premye jou manifestasyon yo yè dimanch lan, plizyè manifestan te endispoze e te arive transpòte lopital akoz volum gaz lakrimojèn egzajere ke fòs polis yo te lanse sou pretèks manifestan yo t’ap voye wòch sou machin polisye yo.

Antouka, yon beton ki te reyèlman cho ak yon pèp ki detèmine pou devye tout plan diktatè Jovenel Moise la ak tout kominote entènasyonal la ki pa sispan pèdi plim sou tèritwà peyi Dayiti a.

Comments are closed.