Grandans: Otorite yo ap fè fas ak gro difikilte pou loje administration komin Mafran an.

1,196

01-29-2023

Mafran, Ayiti (TRiboLAND) Mafran, se yon lokalite bijou, ki localize nan depatman Grandans peyi a. Mafran pa genyen lontan depi ke administrasyon Prezidan asasinen, Jovenel Moïse te soti yon arete nan jounal ofisyèl peyi a
pou leve l nan ran komin.

Mafran ki fè limit ak komin Jeremi, genyen anviwon 35000 moun kap viv ladan’l; li se yon zonn touristik, kap naje nan mitan yon latriye fò istorik ke zansèt yo te konstri, yon fason pou te anpeche blan fransé tounen. Plizyè rejyon istorik nan Mafran reveye memwa tout ayisyen sou viktwa lame endijènn nan te ranpòte sou lame Napoléon Bonapatre la.

Akote potansyalite touristik, Mafran se komin ki genyen yon nan pi gro mache piblik nan depatman Grandans lan. Yon mache ki pa rete ak mache! Dayè, se mache kap nouri kès leta a anpil. Men pou majistra Adam Dupré, pa genyen yon senkòb Lesko ki arive retounen sou fòm sèvis enfrastrikti ou kominotè.

Dapwè sa majistra Dupré konfye TRiboLAND, se anba pye bwa 3 manm Konsèy minisipal la toujou reyini pou pwan tout desizyon pou leta a.

Majistra Adam Dupré swete ke otorite nan piro nivo leta a, pwan konsyans defason rapid, yon fason pou konstri yon konplex administratif, ki kapab loje tout biwo leta yo nan komin Mafran.

Comments are closed.