Bandi pèsòn pa rive idantifye kidnape sekirite espesyal sekretè Jeneral ONU a

3,408

05-23-2022

Bandi san fwa ni lwa pèsòn pa rive idantifye, kidnape sekirite sekretè Jeneral ONU an nan peyi Dayiti.

Pòtopwens____(TRiboLAND) Bandi ak gwo zam fann fwa poze lapat sou Foukoulou, sekirite reprezantan espesyal sekretè Jeneral Nasyon-Tèt Kole yo ki se Madam Helen La Lime, jounen lendi 23 Me 2022a.

Zak kidnapping sa a, fèt nan zòn Torcel, nan moman sekirite a ta pral chèche reprezantant espesyal Nasyon-Tèt Kole yo.

Pou anpil moun, si kidnapin 17 misyonè yo pat sèvi kòm dènye gout dlo pou ranvèse vaz la ebyen zak kidnapin ki fèt sou Foukoulou a ta sanble pral sèvi kòm dènye gout dlo pou ranvèse vaz kidnapping nan kap vale teren. “Nou ta swete se pa yon divèsyon!

Paralèlman, gen lòt moun ki raple yo yon gro deklarasyon Madam Helen La Lime te fè lè li te deklare ke se gras ak gang yo ki fè genyen amelyorasyon nan ensekirite a.

Comments are closed.