LIT KONT TOUT FOM VYOLANS KAP FET SOU FANM AK TI FI NAN GRANDANS.

1,292

01-30-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Selon oganizasyon dwa moun yo, tankou (OCNH, IDETTE, KOFAGA, MOFEDGA) ak lòt ankò depi kèk ane depatman grandans okipe tèt klasman an, nan zafè vyòl ak jwèt sisinaj sou fanm ak ti fi.

Fas ak defayans sistem jistis la nan depatman an, feblès lapolis, mank kapasite jij yo, ak anbisyon pou fè kòb nan kondisyon avèg, lakoz viktim vyòl yo pa janmen jwenn tikal jistis ak reparasyon.

Ansanm oganizasyon sila yo, yo tout tankou sosyete sivil kap defann dwa kretyen vivan nan depatman Grandans lan, ak sipò (PAGOD) PWOGRAM kap apiye gouvènans lokal ke peyi la Swis bay Leta ak sosyete sivil jarèt finansyè nan kad promote: kolòk sansibizasyon, kolekte siyati pou lòt òganizasyon dwa moun; yo tout fè yon feso pou te adrese anomali sosyàl sa kap sakaje Grandans.

Se yon seri demach ki vize pou entèpele konsyans tout konsène e fòse fanm ak gason nan aparèy jistis la nan Grandans, pini koupab kap vyole fanm, kèlke swa, koulè yo, ran sosyal yo ak kantite povwa ak lajan yo posede.

Akitivite sa yo kite dewoulè nan vil Jeremi nan lokal Carl Edward Pites anpwezans diferans sektè piblik kou pwive. Nan sans sa plizyè konsène te fè ti bat bouch. Komisè gouvènman an, ou Andre Mary Pyram kite envite a tit otorite pwomèt pou al travay pou chanje donne yo ki bay anpil tèt fè mal. Alòske, Gérald Guillaume, kodonatè IDETTE nan nom tout lot sektè ki nan chenn defans lan, fè konen: “Map batay jouk mayi mi, pou konbat keksyon vyol, kadejakèt ak jwèt sisinaj sou ti inosan nan Grandans, patikilyèman nan vil Jeremi.

Comments are closed.