Panik nan Gran Sid : aktivite gwoudou gwoudou

1,011

06-06-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aktivite gwoudou gwoudou nan Gran Sid peyi a, kreye panik douvanjou kote ke rezidan yo nan vil Jeremi te oblije kouri kite lakay yo, e pran espas ki ta yon ti jan pi sekirize.

Yon bon valè moun ta blese (janm kase ak klavikil deranje) nan lopital Sen Antwànn nan Jeremi alòske lakou sant medikal sila deja chaje avèk paran ak timoun kap fè fas ak yon pwoblèm priz anchaj akoz medsen ak pèsonèl ki prèske pa egziste swit ak gro katchouboumbe latranbad la.

Yon kay tonbe nan zòn Sen Fò, Sen Elèn, yon katye rezidansyèl nan vil Jeremi. Plizyè mò arive anrejistre, alòske manèv sekouris limite yo ap fèt apa tòti pandan otorite pwoteksyon sivil ki poko fè santi prezans yo nan vil Jeremi.

Se menm konsta yo nan vil Okay, kote ke popilasyon an te oblije vòltije nan dòmi e kouri mete deyò pou sekirize tèt yo; sepandan dega yo poko kapab verifye. Komin Kanperen, se youn nan zòn ki ta sanble ki pran plis sekous tèt vire.

Episant gwoudou gwoudou a, ta lokalize nan nò komin Abriko, ki pa tro lwen vil Jeremi; done jewolojik yo estime li ak yon magnitid 5.5 sou Echèl Richtè a.

Alòske enjenyè ou jewolog konsène Claude Prepetit ta sanble pat menm konnen si Gran Sid ta fwape anba aktivite latè tranble byen bonè maten madi 6 jwen 2023 a, vè 5:11 am. Yon sityasyon ki mete apse sou klou pou yon Gran Sid ki inonde ou mouye depi yon bon bout tan.

Comments are closed.