Èd kazèk Hubert Hilaire, mande otorite yo pou pale ak responsab rara yo pou evite gro deblozaj katchouboumbe.

1,471

03-17-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Èd Kazèk 12èm seksyon kominal Tigwav la, Humbert Hilaire kap viv nan abitasyon Boudo, rankontre laprès jounen vandredi 17 mas 2023 a, ozanviwon 2 zè. Objektif yon parèy rankont se pou adrese yon rekèt bò kote komisè polis la, Bellamy Samedi ak komisè gouvènman pakè jiridiksyon an, Pierre Elioth Paul, pou chita pale ak tout responsab rara yo nan seksyon an; konsa, yon parèy dispozitif ap kapab prevni gro katchouboumbe fatal.


Èd Hubert Hilaire pa mete dlo nan bouch li, pou denonse yon rara ki soti nan abitasyon Granplas, goumen pandan week-end pase a e ki blese plizyè moun ak zam blanch.

Èd kazèk la ki deklare, li genyen gwo kè kase fas ak zak malonèt li esplike ki komanse fèt nan divès rara anndan seksyon kominal 12èm nan sou frè ak sè parèy yo.

Toutfwa, kaptè 12èm seksyon Tigwav la, Hubert Hilaire, ankouraje lapolis ak lajistis pou mete yon zoum sou kantite zam ilegal ki pral an pwosesyon banbochè yo ki pare kò yo, pou al pran plezi yo nan rara pandan peryòd fèt paskal la.

JOICY Arnold

Comments are closed.