Nan kad pou bay pi bon sèvis kominotè, PNH nan Grandans deside pran yon seri mezi ki kapab livre pi byen sètifika Lapolis.

69
0
Share:
TRiboLAND

07- 14-2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad dekonsantrasyon sèvis leta dwe bay sitwayen ak sitwayènn yo, lapolis nasyonal atravè sèvis depatmantal polis jidisyè a ak direksyon santwal polis jidisyè a DCPJ nan Grandans, ranfòse sèvis depatmantal polis jidisyè a nan modènizasyon sèvis kap livre sètika polis jidisyè yo.

Nan kad lansman ofsyèl sèvis sila, divès otorite tankou Dwayen tribinal premye enstans Jeremi an, mèt Jean Michelet Seide, chèf pakè a Jean Mary Geatjeen Alexandre, delege depatmantal Grandans lan Paulemont Michel, ajan ekzekitif enterimè Jeremi an Onèl Jacinthe, responsable ONI – imigrasyon, responsab prizon sivil Jeremi an ak enspektè Milyon Obès, yo tout te prezan nan gwo lansman sèvis sila.

Dwayen tribinal premye enstans Jeremi an, mèt Seide te mete aksan sou enpòtans ak nesesite pou lapolis pa jwe wòl lajistis nan kesyon bay sètifika polis jidisyè nan plas kazye jidisyè. Konsa, li ankouraje otorite polis jidisyè yo pou travay men nan men ak lajistis.

Share:

Leave a reply