Divès sitwayen denonse konpòtman manfouben MSPP fas ak viktim anba epidemi fyèv ak grip nan popilasyon Tigwavyèn nan.

1,074

01-29 -2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès sitwayen, nan yon mikwo totwa ak TRiboLAND jounen jodi dimanch 29 janvye 2023 a, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse Ministè Santé Piblik ak Popilasyon (MSPP) lokal ak santral yo di ki pa pran okenn mezi pou soulaje sante abitan yo kap fin toupizi anba epidemi fyèv ak grip nan kominote tigwavyèn la.

Sitwayèn yo ki deklare nan chak kay, omwens genyen 3 à 4 moun ki trape fyèv ap grip la; sepandan ministè sante piblik pa genyen yon politik pou konbat epidemi an. Mete sou sa, genyen yon KOLERA LONI ki ap sakaje sosyete ayisyèn espesyalman nan rejyon gwavyèn nan, kote MSPP pa mete yon sant tretman kolera (CTC) nan rejyon gwavyèn an pou amelyore soufrans popilasyon an.

Toutfwa, abitan yo lanse apèl bay MSPP lokal ak santral, patnè entènasyonal yo pou voye ranfò atravè medikaman ak materyèl nan diferan lopital peyi a, yon fason pou ede konbat epidemi fyèv ak grip la, epi tou dote rejyon gwavyèn nan yon sant tretman (CTC) yon fason pou redwi volim kous kolera a kap ravage abitan yo.

Nap raple, nan yon ankèt ki mennen, genyen plis pase yon santèn moun ki trape fyèv la, sa ki ale lopital yo epi anviwon 10 sitwayen, sitwayèn ki pedi lavi yo nan kolera LONI an, san konte sa ki mouri lakay yo ki pa gentan rive lopital.

JOICY Arnold

Comments are closed.