Jeremi : Mèt Michelet Seide, ap chofe jarèt pou devni nouvo Dwayen tribinal premye enstans Jiridiksyon Jeremi an

293
0
Share:
TRiboLAND

11 – 03 – 2025

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Aprè Komisyon teknik ki tap ankete sou fonksyonnnan mèt Francois Finey kòm ansyen Dwayen tribinal premye enstans Jiridiksyon Jeremi an, responsab yo deside voye mèt Francois sou ban touch kòm majistra ki pa sètifye. Konsa, selon obligasyon jiridik yo, Francois pa dwe rete nan systèm lan sou kèlkeswa fòm li ye a, selon konsèy teknik siperyè pouvwa jidisyè a ki dekouvwi ke mèt Francois Finey pa sètifye.

Ekip ki sou pouvwa a, minis Jistis lan , manm konsèy siperyè pouvwa jidisyè a, pou konble vid lan, yo ta deside fè chwa mèt Michelet Seide kòm evantyèl Dwayen pwobableman kap genyen pou prete sèman demen lajounen 04 novanm 2025 lan; aprè si li posib enstale nan pòs li kòm nouvo Dwayen tribinal premye enstans Jiridiksyon Jeremi an.

Nap raple mèt Michelet Seide se ansyen jij enstriksyon Okay. Li jwen pwomosyon pou vinn Dwayen nan Jiridiksyon Jeremi an. ‎

Share:

Leave a reply