Ensandi nan vil Jeremi: plizyè kay bwile e dega yo bay men nan machwè

661

21 Janvye 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Jou kite vandredi 20 janvye 2023 a, nan lè 9 vè nan maten, nan zòn Lapwent, youn pami gran katye piblik nan  vil Jeremi, yon group dife eklate nan yon kay kite genyen la dan l, anviwon yon senkantenn drums gazolin, daprè sa temwen arive rapòte TRiboLAND.

Flanm dife disèt wotè tap paweze anlè, mete divès katye sou anbreyay ak panik. Lapolis, tankou sa toujou fèt, pat gentan prezante sou plas akoz problèm teknik; anplis, kamyon ponpye ki destine pou reponn yon parèy dràm, pat fonksyonèl ditou akoz problèm kawoutchou; problèm dlo ki pat disponib nan kamyon an, afiche aki pwen swadizan responsab yo pa planifye pou pa di prepare.

Konsa, moun te kapab remake se moun nan popilasyon an ki tap jwe wòl ponpye, pandan pat genyen dlo nan ponpye ki nan komisarya Jeremi an. Se gras ak sitwayen yo ak konkou kamyon ponpye ki nan Ayewopò nimewo 2 a, kote ke yo itilize bokit sab ak yon kamyon sitèn ki te anpeche dife a pran wout prizon sivil Jeremi a.

Dega yo pa piti! Genyen yon dizenn kay ki boule, kèk moun blese lejèman; alòske plizyè fanmi sinistre. Anpil moun nan vil Jeremi kritike otorite yo ki pa asime resposabilite yo, nan echwe anpeche gaz van nan la ri, ni pou pakite moun yo estoke gaz kote ke yap domi, fè manje elatrye.

Comments are closed.