Ti gout dlo pou moun bwè sou Zile Kayimit, pa gen sa pyès!

737

01-24-2023

Zile kayimit, Ayiti_____(TRiboLAND) Zile Kayimit, se yon trè bèl lokalite nan depatman Grandans peyi a ki pa gen lontan depi li leve nan nivo komin sou administrasyon prezidan asasine a, Jovenel Moise. Li genyen depase 20,000 moun kap viv sou li e li plase nan dènye pwent peyi Dayiti.

Daprè sa Majistra Rodrigue Pierre ta declare bay TRiboLAND, popilasyon Zile Kayimit lan ap pran gro sakad fas ak yon latriye problèm tankou enfrastrikti tout kalite. Sepandan, pi gro defi majè pami yon pakèt lòt, gen pou wè avèk dlo potab ki pa egziste

Jwenn ti gout dlo pou bwè nan Kayimit, se reve lamann kap soti nan syèl! Popilasyon an genyen gro difikilte pou jwen ti gout dlo pou pase swàf yo. Selon Ajan Egzekitif enterimè Rodrique Pierre, karans dlo sou zile a, koze yon pakèt maladi tankou gratèl, fyèv malaria, tifoyid, kolera, dyare ak lòt patoloji medikal.

Pierre rapouswiv pou’l di ke se vye dlo mikròb ki chaje ak polisyon ke abitan yo ap itilize; e pou arive jwen yon parèy vye dlo, yo oblije mache plizyè kilomèt wout nan zòn tankou Koray, Nip e latriye.

Konsa, Rodrigue Pierre fè yon gro kout rèl pote sekou bay tout òganizasyon imanitè, gouvènmantal ki gen kè nan men, pou bay jarèt prese prese bay yon parèy popilasyon ki an detrès e ki pa konnen egzistans DINEPA.

Comments are closed.