Yon gwoup sekouris ak doktè alman antre anndan peyi Dayiti pou pote sekou bay rezidan zile Kayimit

1,220

08/21/21

Pòtopwens______(TRiboLAND) 39 sekouris melanje ak doktè peyi Almay antre anndan peyi Dayiti yè vandredi 20 out 2021 an nan Pòtopwens. Teknisyen debleyàj ak deboulonnay yo debake nan kad pote kole kap fèt pou bay Ayiti jarèt nan fè fas ak gwo sitiyasyon gwoudou gwoudou 14 out 2021 an ki mete Gran Sid la ajenou.

Se te ambasadè peyi Almay la an Ayiti, Jens Kraus-Massé ki te resevwà bon pwochen sa yo. “Ekip pote sekou” sa ki genyen ladan l plizyè doktè, pwàl travay anba kòkòday National Opérations Center nan objektif pou akonpanye ou asiste abitan afekte yo kap viv sou zile Kayimit, nan depatman Sid peyi a.

Comments are closed.